top of page

Premye etap la pral jwenn yon manyèl chofè komèsyal nan DMV ki pi pre w la oswa n ap voye yon kopi gratis pou ou. Manyèl sa a pral ede w prepare w pou tès ekri a.

 

Ou pral bezwen etidye epi pase sèlman 3 seksyon:

  • Konesans Jeneral (Seksyon 1 ak 2)

  • Pasaje (Seksyon 4)

  • Otobis lekòl (seksyon 10)

 

Lè w pare pou w pran tès la, n ap ede w pran yon randevou nan DMV pou:   Commercial Learner Permit (CLP).

Lè w gen pèmi w nan men w, n ap anboche w.

​

Apre w fin pasé tchèk background ak tès dwòg, n ap montré w kijan pou kondi yon otobis lekòl epi preparé w pou tès wout la. Pandan ke nou ap montré w ou, nou ap peyé ou tou, e fòmasyon yo pral 2 oswa 3 èdtan, oswa plis, pa jou. Lè w paré pou tès wout la, n ap voye w sou sit w ap fè tès la avèk youn nan otobis nou yo ou te resevwa fòmasyon yo ak yon enstriktè.

​

Apre w fin pase egzamen wout ou a, w ap resevwa Lisans Kondi Komèsyal (CDL) C. Epi w ap travay ofisyèlman pou nou kòm yon chofè otobis lekòl, ak yon salè plis pase $21 pa lè.

20200711_184056.jpg
Picture5.png
bottom of page